Calle Principal, No 12, Sector La Altagracia de Bella Vista, Ruta RPA, Santiago, Repiblik Dominikèn.
Doktè Oriol Jn Baptiste Sainvil fonde Klinik SESAHD jou ki te 22 jen 2021 kote li te ofri sèlman sèvis lojistik pou sejou pasyan touris ki te soti Ozetazini, Ayiti, Panama, Kanada, Turks and Caicos, elatriye… ki te konn vin pran sèvis sante nan Repiblik Dominikèn.
26 mas 2022 nou te inogire Sant Sante SESAHD kote nou te kòmanse ak konsiltasyon Onkolojik (Kanserolojik), kadyoloji, Medsin Entèn ak Nitrisyon Klinik e Onkolojik, jiska 19 oktòb 2024 lè nou te lanse pwojè lopital sa sou non KLINIK SESAHD nan premye faz li.
Nou se yon Lopital Prive ki sitiye nan yon kontèks lokal, espesyalman nan ri prensipal nimewo 12 nan sektè Altagracia nan Bella Vista, Santiago de los Caballeros, ki vize a tout popilasyon dominiken an ak atansyon espesyal nan touris sante.
Avèk lopital Prive sa a, pasyan yo pral kapab jwenn plizyè sèvis sante yon sèl kote, ki gen ladan lojistik konplè pou sejou pasyan etranje yo nan peyi a, kote y’a jwen sèvis ak pwofesyonèl ki ka kominike avèk yo nan kat (4) lang (panyòl, kreyòl, fransè ak anglè), pou nou ka asire enfòmasyon kòrèk pou yon dyagnostik reyèl ak tretman egzat pou chak pasyan.
Nou se sèl lopital nan peyi a ki bay atansyon sa yo a pasyan etranje yo, men nan menm fason an, nou ofri bon kalite sèvis, e nou pwofite eksperyans pwofesyonèl sante ki renome, dominiken kou etranje, ki gen anpil eksperyans ak kalite imen pou satisfè chak pasyan selon bezwen yo.
Bay tout popilasyon an pi bon jan swen medikal ki baze sou prèv syantifik ak kontni etik, ak efikasite ki satisfè bezwen swen sante popilasyon an.
Kreye e soutni yon sistèm sante prive konplè, ki ofri yon espas pou kwasans ak devlopman pwofesyonèl ki ekselan nan fason yo pran swen pasyan yo ak fanmi yo.
Ekselans, Seryite, Entegrite, Respè, Anpati, Responsablite, Solidarite, Opòtinite, Transparans ak Ekite.
Kontakte nou atravè fòm sou entènèt nou an, pou jwenn sèvis nou yo
Nou ofri konsiltasyon medsin jeneral ak espesyalize: Medsin Jeneral, Medsin Entèn, Kadyoloji, Onkoloji, Ematoloji (Dantis), Nitrisyon Klinik e Onkolojik, Jinekoloji, Pedyatri, Dèrmatoloji, elatriye...
Nou fè diferan Sonografi: 3D ak 4D, Kou, Tiwoyid, Tete, Obstetrik, Vajinal, Basen, Prostatik, elatriye... ak espesyalis medikal kalifye pou ba ou bon rezilta.
Nan alyans nou genyen avek laboratwa klinik Globulab, nou ofri diferan tès laboratwa klinik nan lokal nou e nou al fé yo pou ou tou lakay ou si pasyan an paka soti.
Nou ofri sèvis sante dantè ak teknoloji modèn nan men yon ekip pwofesyonèl medikal kalifye nan diferan branch ak bon jan kalite imen pou ba yon sévis konplé pou bezwen w yo. Nou fè: Dantisri Jeneral, Òtodonti, Andodonti, Pwotèz Dantè, Enplant Dantè, Blanchiman dantè, elatriye.
Ansanm ak diferan enstitisyon alye (Clínica Corominas, REVIVE, Cimen, Globulab ak CRC) nou ofri tretman miltidisiplinè pou pasyan ki gen kansè tankou: Chiriji Onkolojik, Chiriji Onkoplastik, Chimyoterapi, Radyoterapi, Iminoterapi, Òmonnterapi, elatriye.
Sante Piblik nan Repiblik Dominikèn rekonét nou e ban nou sètifia ki pèmèt nou ofriw tout sèvis sa yo nan klinik SESAHD.